Ekip devwe nou an makonnen ak teknoloji avanse nou yo pral asire nou remèt ou yon kontni tradui byen rapid epi nan yon kalite ki siperyè.
Etid ka →
MotaWord bay tradiksyon dokiman, tradiksyon sètifye pou USCIS ak pou rezon legal, entèpretasyon, ak sèvis evalyasyon akademik bay kliyan atravè lemond, pi rapidman e a yon pri ki pi ba.
Nou konbine yon sistèm jesyon tradiksyon kolaboratif avèk aksè a plis pase 26,000 lengwis pwofesyonèl, epi kòmand sou entènèt disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Tradiksyon pwofesyonèl kòmanse a $0.09 pa mo, avèk koreksyon ak revizyon pa lengwis separe. Chat an dirèk disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7 pou sipò.
Mak yo fè nou konfyans mak mondyal yo
Sèvis
Tradiksyon egzat ak an sekirite pou dokiman, sit entènèt ak kontni miltileng, sou yon sèl platfòm. Kòmanse yon kòmand avèk yon devis imedya, swiv pwogrè a an tan reyèl epi jwenn sipò chat an dirèk 24 sou 24, 7 jou sou 7.
Tradiksyon dokiman fèt pa plis pase 26,000 tradiktè pou kontra, manyèl, dosye ak dokiman biznis nan plis pase 120 lang.
Tradiksyon sètifye pou USCIS, tribinal ak inivèsite, avèk yon sètifika presizyon siyen.
Entèprèt ki gen kalifikasyon an pèsòn pou odyans, vizit medikal ak reyinyon atravè Etazini.
Entèprèt yo rantre nan apèl ou a pa videyo pou kominikasyon fasafas, sou demann oswa pwograme. Tout bagay sou platfòm an sekirite nou an.
Evalyasyon kalifikasyon ak lèt opinyon ekspè yo aksepte pa USCIS, fòs ame ameriken yo, inivèsite ak anplwayè yo.
Amelyore kominikasyon global ou yo avèk solisyon langaj entegre nou yo. Nou gen solisyon pou tout bezwen lengwistik ou yo. Chak mo gen enpòtans pa yo lè w ap itilize MotaWord.
Kolabore san yon pil efò pi lwen pase fwontyè yo gras ak sèvis tradiksyon pwofesyonèl nou yo. Tradui nan plis pase 120 lang atravè rezo vaste nou an ki gen plis pase 26,000 tradiktè espesyalize nan endistri yo. Kenbe pwojè ou yo santre sou objektif ou yo gras avèk mizajou an tan reyèl ak pwosedi travay pèsonalize, pou fè chak mo tounen yon pon pou janbe ale nan siksè mondyal.
Pou kliyan k ap chèche solisyon tradiksyon ki pa koute chè, sèvis Tradiksyon Otomatize + Koreksyon Annapre (MT+PE) nou yo ofri yon ekilib pafè ant pri abòdab ak presizyon. Opsyon sa a konbine tradiksyon ki fèt pa machin ak koreksyon atansyon pa lengwis MotaWord yo, pou asire kontni ou a satisfè pi wo estanda lizibilite ak presizyon.
Nan MotaWord, nou espesyalize nan tradiksyon soutit ki egzat epi ki apwopriye pou kontèks kontni yo. Ekspè nou yo asire soutit ou yo pafè pou nenpòt medya, yo ofri solisyon kontni miltileng pwofesyonèl ak kalite siperyè. Platfòm nou an kapab bay yon estimasyon pri lapoula pou fichye SRT ak SBV epi travay sou yo depi nan sous lan pou asire soutit ou yo kapab itilize imedyatman.
Sèvis DTP MotaWord yo pèfeksyone kontni ou pou odyans atravè tout mond lan. Ekip ekspè nou an asire dokiman ou yo byen fòmate epi yo fèt nan plizyè lang. Soti nan bwochi rive nan manyèl, nou kenbe sansiblite kiltirèl ak presizyon lengwistik nan fòma, fon mo yo, ak konsepsyon kontni a. Chwazi MotaWord pou kontni enprime oswa dijital ki parèt kòrèk nan nenpòt lang.
Sèvis transkreyasyon MotaWord yo adapte mesaj ou a pou yon odyans mondyal, pandan l ap konbine presizyon lengwistik ak talan kreyatif. Ekspè nou yo asire kontni ou a kenbe enpak ak emosyon li nan tout lang, sa ki pral anrichi maketin ak tèks kreyatif yo gras ak pwofondè kiltirèl epi ak kreyativite pou yon rezonans inivèsèl.
Ogmante objektif angajman videyo ou a gras avèk sèvis transkripsyon ak tradiksyon MotaWord yo. Nou transkri epi tradui kontni ou yo avèk presizyon nan plis pase 120 lang, pou asire ke tan ak soutitraj yo egzak. Sèvis nou an konekte mesaj ou a ak odyans atravè tout mond lan, pandan l ap kenbe yon ton ak yon siyifikasyon ki kòrèk.
Korektè MotaWord yo amelyore kalite ak presizyon kontni ou yo. Nou asire w tout materyèl ekri ou yo gen yon òtograf, gramè, ponktyasyon ak fòma ki san defo. Avèk pwosesis koreksyon atansyone nou an, kontni ou ap gen yon enpak inik gras ak klète ak pwofesyonalis ki gen ladan l. Chwazi MotaWord pou dokiman ki san erè epi ki gen yon enpak dirab.
Tradiksyon Odyovizyèl MotaWord la rann kontni miltimedya yo vin aksesib a yon odyans mondyal. Nou jere soutit videyo, doublaj vokal, ak transkripsyon, tout sa pandan n ap prezève ton ak kontèks mesaj orijinal la. Ekspè nou yo asire yo kontni ou a gen yon enpak pozitif nan tout lang, tout sa pandan y ap pran an kont tout ti detay kiltirèl yo.
Fè eksperyans tradiksyon legal rapid, egzak, sètifye ak notarye avèk MotaWord, yon resous enpòtan pou kabinè avoka ak depatman legal yo. Nou bay priyorite a presizyon epi nou ofri sèvis espesyalize adapte ak sektè jiridik la, pou nou delivre dokiman enpòtan kliyan ou yo rapid vit.
An patenarya avèk plis pase 400 kabinè avoka Vin mete ansanm ak gran kantite kabinè avoka ki fè MotaWord konfyans pou bezwen tradiksyon jiridik sètifye ak notarye yo.
"Nou itilize MotaWord depi plizyè ane epi nou toujou enpresyone pou vitès ak presizyon tradiksyon yo!"
Eksperimante tradiksyon medikal rapid, egzak epi an sekirite avèk MotaWord, ki konfòm totalman ak règleman HIPAA yo. Nou espesyalize nan divès dokiman swen sante, pou asire vitès, sekirite ak presizyon nan kad bezwen kritik ou yo.
"Lè m te tande y ap pale konsènan MotaWord pou premye fwa, mwen te vle teste sam tande yo di sou vitès, pri ak kalite konpayi sa, sa ki fè m te kòmande yon sèvis tradiksyon dokiman pou sistèm sante nou an." Ekip mwen an ak mwen te kontan ak rezilta yo epi lapoula, nou te kòmanse kanalize plis pwojè pou bay konpayi sa jere pou nou."
Fè ekonomi yon fason ki san parèy avèk Pwogram Memwa Tradiksyon Eta MotaWord la (Statewide Translation Memory, SWTM). SWTM, ki fèt espesyalman pou distri eskolè yo, rasanble memwa tradiksyon atravè eta a, sa ki ofri jiska 40% ekonomi sou pwojè tradiksyon ou yo.
Prezantasyon sèvis Tradiskyon Adapte sou Òdinatè (DTP) nou yo Sèvis DTP MotaWord la asire materyèl ou yo byen bèl epi pare pou w itilize yo. Ekspè nou yo fè dokiman ou yo atiran vizyèlman epi klè nan tout lang, pou asire pwofesyonalis miltileng.
"Mwen gen plis pase 2 lane depi m ap itilize sèvis MotaWord yo, apre mwen te plede ap eseye lòt konpayi tradiksyon." Mwen swete m te tonbe sou li pi bonè. MotaWord ofri tradiksyon ki egzak, yo rapid epi yo gen pi ba pri ki disponib yo. "Sèvis kliyantèl ki ekselan tou."
Tradiksyon finansye yo bezwen presizyon, pa sèlman vitès. MotaWord plase lengwis ki gen eksperyans nan sektè finansye a pou jere kontni ou avèk presizyon, pou kenbe dosye ak kominikasyon mondyal ou yo nan delè epi pou pèmèt angajman mondyal.
ETID KA: Trading 212
Dekouvri kijan MotaWord te reyisi satisfè bezwen tradiksyon espesifik Trading 212, yon gwo jwè nan sektè finansye a. Aprann kijan nou ka ofri w menm rezilta yo.
Katalòg e-komès yo chanje rapidman, e tradiksyon an bezwen rete ajou. MotaWord bay tradiksyon pwodwi presi nan vitès ak ki lis ou yo mete ajou.
Solisyon MT+PE pou Efikasite
Solisyon MT+PE (Tradiksyon Otomatize + Koreksyon Annapre) nou an fèt espesyalman pou komès elektwonik, pou optimize pwosesis tradiksyon an pou rann li pi efikas. Fè plis bagay nan mwens tan.
Tradiksyon adapte lapoula pou sit entènèt avèk MotaWord Active
Jere tout bagay avèk efikasite, depi kontni tèks yo rive nan eleman miltimedya, fon tèks yo, ak kòd CSS pou yon sit entènèt ki adapte ak tradui konplètman - tout bagay sa yo nan kèk segonn.
Regilasyon yo konplike pou ou, pavre? Fè MotaWord konfyans pou tradiksyon konfòm ak sekirize. Avèk yon bon repitasyon nan sektè sekirite sansib, nou pwoteje done ou yo tout pandan n ap satisfè tout egzijans legal yo.
Sekirite Done ak Konfidansyalite MotaWord sètifye SOC 2 Tip II, sa ki souliye angajman li anvè pi wo estanda pwoteksyon done ak vi prive. Sètifikasyon Sètifikasyon SOC 2 Tip II vle di respekte kritè solid ki konsantre sou sekirite, konfidansyalite ak vi prive, sa ki asire angajman MotaWord pou pwoteje done kliyan yo.
Nan maketing, li esansyèl pou bay repons rapid ak mesaj ki touche odyans sib la. Chwazi MotaWord, **sèvis tradiksyon ki pi rapid nan mond lan**, ak sèvis nan plis pase 120 lang, pou w rete devan konpetitè yo.
Nan MotaWord, nou bay priyorite a chak pwojè tradiksyon, kit se gwo kit se piti, san nou pa enpoze frè minimòm. Nou konprann ijans bezwen tradiksyon ou yo epi nou trete tout travay yo ak menm enpòtans lan. Apwòch sa a asire pwojè ou yo resevwa atansyon ak travay ki efikas, sa ki rann ou pa gen enkyetid sou fason ou pral satisfè egzijans pri minimòm yo.
Etid Ka: Nielsen
Dekouvri kijan nou te satisfè bezwen tradiksyon inik Nielsen yo, yon lidè mondyal nan sektè maketing lan, epi aprann kijan nou ka fè w jwenn menm sèvis eksepsyonèl sa a.
Fè tradiksyon sètifye ou yo byen rapid epi nan yon pwosedi ki egzak nan MotaWord, yon founisè sèvis prensipal pou USCIS ak yon patisipan nan pwogram avantaj pou manm Asosyasyon Avoka Imigrasyon Ameriken (American Immigration Lawyers Association, AILA). Chak kòmand gen ladan l yon sètifika presizyon ki siyen ak yon **sètifikasyon gratis avèk notarizasyon**, ki delivre **nan mwens ke 12 èdtan**.
Evalyasyon Akademik pou USCIS MotaWord ale pi lwen pase tradiksyon ak sèvis evalyasyon akademik, pou asire ke kalifikasyon etranje ou yo rekonèt pou aplikasyon imigrasyon, edikasyon ak travay nan peyi Etazini.
"Nou te itilize li pou dosye imigrasyon nou yo epi nou te trè satisfè." Pri yo trè konpetitif epi yo pa pran tan pou remèt travay yo. Mwen ap rekòmande sèvis yo bay lòt kabinè avoka ak moun m konnen.
Avèk MotaWord, ou ka kontoune pwoblèm diferans lengwistik kikonplike, pwojè divès, ak delè ki pi kou yo sou yon gwo echèl.
Ekip devwe nou an makonnen ak teknoloji avanse nou yo pral asire nou remèt ou yon kontni tradui byen rapid epi nan yon kalite ki siperyè.
Memwa tradiksyon, efikasite nan sa k gen pou wè ak tan ou, eliminasyon ka repetisyon yo, tout sa yo reprezante rabè w ap benefisye nan sèvis ou bezwen yo. Nou ofri diskont sou pri yo tou poutèt toujou gen bezwen sèvis tradiksyon, kontakte nou jodi a pou jwenn plis enfòmasyon.
Konekte MotaWord ak sistèm ou deja genyen yo epi voye kontni pou tradiksyon dirèkteman apati zouti ou deja itilize yo.
Efikasite se priyorite nou. Avèk fonksyonalite Memwa Tradiksyon MotaWord la, nou estoke fraz ak paragraf ou tradui yo nan objektif pou nou itilize yo alavni. Sa vle di ou p ap janm gen pou w peye de fwa pou menm tradiksyon an pou menm 2 lang yo.
Kontwole avansman pwojè tradiksyon ou yo an tan reyèl epi fè ajisteman selon jan sa nesesè.
Ou mèt poze w, dokiman ou yo an sekirite ak MotaWord, gras ak pwotokòl konfidansyalite estrik nou yo.
MotaWord ofri sèvis tradiksyon rapid, egzak, ak pwofesyonèl avèk yon rezo tradiktè ekspè atravè lemond.
Senplifye Tradiksyon sou Sit WordPress ou a
Tradui sit WordPress ou a san ou pa kite tablodbò a. Plugin MotaWord la senkronize nouvo kontni otomatikman epi voye l pou tradiksyon nan yon sèl etap.
Jesyon Tradiksyon San Efò Nan Drupal
Entègrasyon MotaWord la konekte dirèkteman ak sit entènèt Drupal ou a. Nan kèk klik sèlman, sèvi ak MotaWord TMGMT (Translation Management Tool Module) pou tradui kontni sit entènèt ou a nan plis pase 120 lang.
Dokiman Jesyon Ka ou yo ak Tradiksyon yo, tout nan menm kote a.
Avèk entegrasyon Clio MotaWord la, pa gen okenn nesesite pou telechaje, ajoute, oswa voye dokiman pa imèl pou tradiksyon. Kominikasyon ant sistèm yo ofri yon pi bon sekirite pou dokiman yo, jesyon dokiman kliyan ou yo pi fasil epi tan jesyon ka yo pi rapid.
Tradui Dokiman Dirèkteman nan Ekstansyon Google Drive MotaWord la
Konekte MotaWord dirèkteman ak Google Drive ou a. Soumèt nenpòt dokiman Google Drive pou tradiksyon san ou pa kite dosye Drive ou a.
Solisyon Entegre pou Sit Entènèt Miltileng
MotaWord Active rann sit entènèt ou a vin miltileng, lapoula.. Active tradui tèks ou, miltimedya ou, eleman entèaktif ou yo, polis ou yo, ak CSS ou yo, epi li ajiste layout ou a pou chak lang otomatikman.
Enfrastrikti ak platfòm esansyèl ki konstwi pou fleksibilite ak echèl.
enfrastrikti
Pare pou gwo volim
Yo te bati MotaWord pou echèl sou entènèt depi premye jou a. Nou jere pwojè tradiksyon ak enfrastrikti lokalizasyon pou antrepriz, ti konpayi, ak moun san distenksyon.
Sekirize
Enfrastrikti, pwodui ak ekip MotaWord yo fèt nan fason ki pi sekirize yo, pou ekip yo ka itilize pwodui ak sèvis nou yo jan yo vle tout sa pandan y ap respekte direktiv ak estanda òganizasyon yo a.
Ajil - fleksib - pare pou lavni
Yon ekip ki travay rapid pèmèt nou gen yon enfrastrikti fleksib ki pare pou lavni. Fòmataj teknik MotaWord la pèmèt tout kalite paramèt ak senaryo pou yon avni nou pa fin konnen, kit se nouvo travay sosyal oswa gwo amelyorasyon nan entèlijans atifisyèl.
Platfòm
Platfòm prensipal + TMS
Nou te bati pwòp TMS pa nou an 2014 paske pa gen anyen lòt ki te koresponn ak lavni nou te anvizaje a. Nou toujou ap bati sou li jodi a. TMS nou an ka menm tradui imaj natif natalman, sou plas.
Batri yo tou enkli!
TMS MotaWord la gen tout fonksyonalite li yo: fòma fichye, glosè, gid estilistik, memwa tradiksyon, jesyon itilizatè an tan reyèl... ou ka atann ou ak tout sa ou kapab fè ak nenpòt lòt TMS e menm plis ankò... Enfrastrikti ak platfòm nou an fèt pou elaji nan plizyè sèvis, soti nan tradiksyon rive nan transkripsyon oswa menm doublaj ak kreyasyon kontni.
Eksperyans koreksyon ki pi swa jiskaprezan
Avèk dènye lansman nouvo editè tradiksyon nou an, kounye a nou fyè pou eksperyans koreksyon nou an. Tradiktè, korektè, editè ak kliyan nou yo kreye tèks majik nan editè tradiksyon sa a ak yon seri kòd ki enfini (pa gen pajinasyon!), yon santiman natirèl lè w konsantre, entèraksyon an tan reyèl... Pou premye fwa nan endistri a, ou ka menm rekreye imaj ak fichye PDF ou yo nan yon lang sib!
Pi entèlijan chak jou
Nou itilize anpil pwosesis travay ki entelijan ansanm ak entèlijans atifisyèl sou tout platfòm MotaWord la pou pèmèt pi bon eksperyans pou tout moun: kòmand ki pi rapid pou kliyan nou yo nan endistri a, tradiksyon ki san pwoblèm pou tradiktè nou yo... tout bagay sa yo avèk motè sitasyon entelijan nou yo, pwòp modèl IA/ML nou yo tankou Embedded Translation, DocAI, QA ak OwnMT; epi bon itilizasyon LLM yo pou simen maji.
Konekte
API, SDK, CLI
Nou fyè pou platfòm nou an ki fasil pou devlopè yo itilize, ki vini ak yon pakèt API tradiksyon ou ka pwograme nan nenpòt lang ak anviwònman avèk plizyè SDK. Ou ka menm itilize zouti motaword CLI nou an pou otomatizasyon enteresan!
Entegrasyon
Li evidan, avèk yon platfòm ki fasil pou devlopè yo konprann, nou devlope anpil entegrasyon jiskaprezan. Èske w enterese pou w vini ak yon nouvo? Sèlman tchat ak nou.
Otomatizasyon
Tout kliyan yo inik, e tout pwojè tradiksyon yo inik tou. Kè nou toujou kontan pou nou pote nouvo kalite otomatizasyon ak zouti an epi mete yo a dispozisyon ou pou soulaje kèk nan pwoblèm travay ou.
Kilti
Tout moun kontribye
Chak ekip nan MotaWord gen yon plas nan tab pwodwi a. Responsab kominote yo, lavant yo, enjenyè yo ak konsèpteur yo tout kontribye nan diskisyon sou pwodwi ak jeni, kidonk desizyon teknolojik yo rete ankre sou sa kliyan yo reyèlman bezwen.
Devlopman Kolaboratif
Chak manm ekip MotaWord kontribye nan fason platfòm nan evolye, pa sèlman ekip enjenyè a. Se konsa nou kontinye amelyore pi vit pase yon vandè lojisyèl tipik.
Solisyon ki baze sou teknoloji
Nou bati teknoloji otou yon sèl pwoblèm: tradiksyon anjeneral ralanti paske li se sekansyèl. Platfòm MotaWord la fè plizyè tradiktè fonksyone sou menm dokiman an an menm tan, sa diminye tan livrezon san koupe yon etap verifikasyon kalite.
N ap konstwi pou lavni
Gras ak vizyon enklizyon ak ekselans k ap gide nou, MotaWord gen yon misyon pou revolisyone sèvis tradiksyon yo. Manm ekip nou an ki gen wòl pou chèche teknoloji a bay tout li menm pou kreye yon platfòm ki pa sèlman reponn ak bezwen jodi a, men ki prevwa tou pou li konbat defi alavni yo.
Dokiman yo
Soti nan paspò ak sètifika maryaj rive nan diplòm ak dosye medikal, gade kijan MotaWord tradui dokiman USCIS, tribinal, inivèsite ak anplwayè yo mande.
Lang
Soti nan panyòl rive nan mandarin, arab rive nan tagalog, gade kijan MotaWord sipòte tradiksyon sètifye, lokalizasyon sit entènèt, ak entèpretasyon nan plis pase 120 lang.
Nou fyè dèske nou ofri yon sèvis ki konsistan ak egzak. Avèk 4.94 zetwal ki soti nan 1,744 revizyon sou Trustpilot ak sit nou an, ou ka konte sou nou pou bezwen tradiksyon ou yo.
Mwen rekòmande MotaWord pou nenpòt moun ki bezwen sèvis tradiksyon siperyè. Konbinezon vitès, kalite, kominikasyon, ak pri konpetitif yo fè yo diferan de lòt konpayi tradiksyon mwen te travay avèk yo nan tan lontan. M ap san dout itilize sèvis yo ankò pou bezwen tradiksyon m yo nan lavni.
Motaword toujou rapid pou voye yon tradiksyon ban mwen epi pou yon pri abòdab. Nenpòt lè mwen gen yon kesyon oswa mwen bezwen yon chanjman, yo reponn byen vit e avèk presizyon. Se yon plezi pou m itilize sèvis Motaword epi sa fè lavi m pi fasil pou m genyen yo bò kote m.
Eksperyans mwen ak MotaWord te vrèman enkwayab! Yo te trè pwofesyonèl e rapid nan livrezon pwodwi a. Yo te fè tout pwosesis la fasil e senp. Sitwèb yo ba ou pri ki vrèman abòdab epi yo gen sipò kliyan 24 sou 24, 7 jou sou 7 si ou gen yon kesyon. Pi wo nivo!
MotaWord rapid e pa gen pi bon pase sa si ou bezwen yon bagay tradui rapidman e avèk efikasite. Ou ka konfye yo dokiman ak bezwen ou yo epi y ap okipe rès la. Lefèt ke ou ka aktivman wè pwogrè tradiksyon an pandan tradiktè yo ap travay sou dokiman ou yo se yon bon bagay!
Sipò
Ekip sipò devwe nou an la pou ede w ak nenpòt kesyon ou genyen sou platfòm nou an, sèvis nou yo, pwodwi nou yo, pri nou yo, oswa nenpòt lòt aspè nan travay avèk MotaWord. Nou la pou ede!
Plis nan men MotaWord
Dekouvri sa kliyan nou yo di sou sèvis nou yo!
Bay ekspètiz, apèsi, ak leson enpòtan.
Konsèy ekspè, ak apèsi sou endistri a sou tout bagay ki gen rapò ak tradiksyon.
Eksplore istwa siksè kliyan ki montre enpak tradiksyon nou ofri an.
MotaWord ede moun, biznis, lekòl ak ajans gouvènman yo kominike atravè plizyè lang. Sèvis nou pi mande yo enkli tradiksyon sètifye ke USCIS, tribinal ak enstitisyon edikasyon aksepte avèk notarizasyon gratis; sèvis evalyasyon akademik ki valide diplòm, degre ak transkripsyon etranje pou USCIS, aplikasyon pou travay ak aplikasyon militè ameriken; lokalizasyon sit entènèt ki adapte tèks, medya ak konsepsyon sit ou a pou yon odyans mondyal nan plis pase 120 lang; ak entèpretasyon sou plas pou reyinyon, vizit medikal, pwosedi legal ak evènman lekòl kote yon entèprèt an pèsòn nesesè. Eksplore tout plis pase 120 lang nou sipòte yo, gade tout kalite dokiman nou tradui yo, oubyen jwenn yon devis imedyat pou kòmanse pwojè w la jodi a.